Kòmante Veye paskal
Révérends pères
Religieux
Frères et sœurs bien-aimés dans le Christ, bonsoir ! Bonne fête de Pâques !
Nou rasanble nan nwit sila a pou nou selebre yon gwo evènman nan listwa delivrans nou kòm pitit Bondye pa janm
sispann renmen. Nwit sa a rele veye paskal. Ladan l nou selebre leve byen vivan Jezikri, sovè tout tè a, ki ranpòte lavitwa
sou lanmò. Selebrasyon sa a toujou kòmanse nan fènwa, yon fason pou nou ka konprann pi byen kòman peche a plonje
nan yon fènwa san parèy. Men li pap fini konsa paske leve byen vivan Jezikri a klere nou nan bafon fènwa nou te ye e li
fè nou konprann ke Jezikri se limyè ki klere chemen nou, chemen kap mennen nou kot Bondye nan syèl la.
Selebration litijik aswè a genyen 4 pati : benediksyon dife a ak preparasyon syèj paskal la, litiji pawòl Bondye a, seremoni
batèm nan epi litiji lekaristi a.
Nou pral kòmanse ak premye pati a, kote pè kap preside selebrasyon an pral beni dife ki prepare pou veye a. Lè l fin beni
dife a, lap prepare syèj paskal la pandan lap di tout pawòl ki mache ak chak jès lap genyen pou li fè yo. Aprè sa, lap limen
syèj paskal la nan dife li te beni an. Nou menm tou, nap limen syèj pa nou yo. Aprè sa, pè a ap fè pwosesyon avèk syèj la.
Chak fwa li di limyè Jezikri, na reponn mèsi Bondye, mèsi. Aprè pwosesyon an, nap chante exultet la kote nap rele viv
Jezikri ki leve byen vivan an. Pandan nap lapriyè nan fon kè nou, an nou vire nan direksyon kote pè a ye a pou nou kapab
patisipe nan gwo selebrasyon sa a avèk yon lespri byen dispoze.
Dezyèm pati
Frè m ak sè m yo, premye pati a fini. Konnye a nap kòmanse avèk dezyèm pati a ki se litiji pawòl Bondye a. Nan litiji
pawòl Bondye a, nap genyen pou nou koute 7 lekti plis pasume responsorial yo : Premye lekti a nap jwenn li nan liv
lajenez chapit premye an antye + chapit 2 vese 1 ak 2. Dezyèm lekti a se Egzòd, chapit 14, vèsè 15 rive nan chapit 15 vèsè
1a. Twazyèm Lekti a se Ezekyèl, chapit 36, soti nan vèsè 16 pou rive nan vèsè 28. Avèk kè nou byen dispoze, nap koute 3
lekti sa yo ki retrase pou nou gwo travay Bondye fè pou l sove pèp li a.
Frè m ak sè m yo, moman an rive pou nou chante, danse pou nou moutre jan nou kontan pou mèvèy Bondye reyalize
nan lavi nou nan leve Jezikri leve byen vivan an. Nou pral eksprime kontantman byen klè nan chan glorya a. Pandan nap
chante, tout klòch ap sonnen epi nap ranje lotèl la ki pat gen anyen sou li depi aprè selebrasyon la sainte Cène nan.
Nou tout ki batize, nou antere avèk Jezi nan lanmò li pou nou leve vivan tou, menm jan li menm li leve byen vivan an
gras a bèlte Bondye Papa a. An nou koute sen Pòl kap eksplike nou sa pi byen nan lèt li ekri moun Wòm yo, chapit 6, soti
nan vèsè 3 pou rive nan 11.
Frères et sœurs bien-aimés, le Christ est vivant ; réjouissons-nous. Prière de vous lever pour l’acclamation de l’Évangile.
Twazyèm pati
Frè m ak sè m yo, nou rive nan twazyèm pati selebrasyon litiji aswè a, seremoni batèm nan. Anndan seremoni batèm
nan, nap jwenn benediksyon dlo a ak renouvèlman pwomès batèm yo. Lè pè a fin beni dlo a, nou tout ap kanpe ak
chandèl nou limen nan men nou pou nou refè pwomès lafwa batèm nou.
Priyè inivèsèl
Pou Legliz la kap kontinye misyon Jezikri a tout kote nan mond lan ak pou tout moun ki gen responsabilite anseye,
sanktifye ak dirije pèp Bondye a, pou yo kapab toujou dosil a Lesprisen an ki se entèprèt mistè delivrans lan, an nou
lapriyè.
Pou tout moun ki responsab peyi nan mond lan, espesyalman responsab peyi pa nou an, Ayiti, pou yo kapab pran Jezikri
ki leve byen vivan kòm modèl pou yo fè tout sa ki bon pou yo ede pèp la soti nan lamizè, grangou ak ensekirite pou yo
viv nan diyite ak kè kontan jan Bondye vle a, an nou lapriyè
Pou tout moun ki malad, kap soufri nan kò yo oubyen nan nanm yo, espesyalman tout moun klèje pawas la ak fidèl yo te
vizite nan jou ki pase yo, pou Jezikri ki leve byen vivan an pote konsolasyon, fòs ak kouraj pou yo, an nou lapriyè
Pou nou tout e nou chak ki vin lapriyè, ki vin chèche favè nan men Bondye, nou menm ki sot refè pwomès batèm nou,
pou Bondye ka ban nou sa nap plede mande a, pou nou kapab kontinye viv nan solidarite, youn ede lòt, youn soutni lòt,
an nou lapriyè
Katriyèm pati
Frè m ak sè m yo, nou rive nan dènye pati selebrasyon litiji aswè a, katryèm pati a ki se litiji lekaristi a. Pati sa ap dewoule
jan nou konn abitye viv li chak fwa nou patisipe nan lamès la. Sa vle di lap kòmanse ak présentation des dons, lap fini
avèk renvwa a.
Solennité de la Pâques du Seigneur
Révérend Père,
Chers Religieux,
Cher(s) séminariste(s),
Les membres de la fabrique Paroissiale, Les
membres du comité Liturgique. Frères
et Sœurs bien-aimés,
En ce Dimanche de Pâques, convoqués par Dieu, nous sommes rassemblés en Eglise, comme
peuple de Dieu, dans l’unité du Saint-Esprit, pour célébrer la solennité de la Résurrection de notre Seigneur
Jésus-Christ. Le Christ est ressuscité pour nous donner l’espérance, pour nous faire passer de la mort à la vie, de
la terre au ciel. C’est l’occasion pour nous de manifester notre foi commune en Jésus-Christ et la fraternité
concrète qui nous unit les uns aux autres.
Aujourd’hui, la liturgie de l’Eglise nous propose le récit du tombeau vide. Le Christ est
ressuscité le premier jour de la semaine, qui s’appellera dorénavant, le jour du Seigneur. Il s’est levé d’entre les
morts pour faire jaillir la lumière sur toute la terre.
Prions les uns pour les autres pour que cette lumière éclaire notre vie tout entière pour que nous
soyons de modèle lumière pour l’humanité.
Maintenant, frères et sœurs, levons nous et chantons les merveilles de Dieu.
1ère lecture : Predikasyon Apot Pierre montre koman lavi , pasyon ak lanmo Jezi vin tounen yon temwanyaj pou
sila yo ki kwe nan .
Lekti nan liv travay Apot yo chapitre 10, verset 34, plis verset 37 a verset 43.
2e lekti : Nan Batèm nou resevwa a, li fè nou fè yonn ak Jezi e pataje tout richès li yo. Jezi-Kri se lavi nou e nan
li, n-ap viv pou Bondye selman.
Lekti lèt Apot Pòl ki sen pou kolosyen yo, chapit 3, soti vèsè 1 pou rive vèsè 4.
Acclamation : Alléluia ! Alléluia ! Notre Pâques immolée, c’est le Christ ! Rassasions-nous dans la joie au
festin du Seigneur. Alléluia ! Alléluia !
Frères et sœurs, mettons-nous debout pour l’acclamation à l’Evangile en chantant.
Prières universelles
Prions pour l’Eglise et ses ministres : le Pape, les Evêques, les Prêtres et les Diacres. Qu’ils soient toujours
unis avec le Christ ressuscité pour travailler à l’édification parfaite de la foi du peuple de Dieu.
Prions le Seigneur
Pour tous les pays du monde, spécialement le nôtre. Demandons à Dieu de réveiller en nos dirigeants la
conscience patriotique, d’enlever en eux toute haine et d’insuffler dans leur cœur un désir de paix sur tous les
plans.
Seigneur, nous te prions
Prions pour tous les souffrants du monde entier : les malades, les pauvres, les prisonniers et les enfants
violés. Que par le Christ ressuscité, ils soient réconfortés et protégés de tout abus et tout mal.
Prions le Seigneur
Pou nou tout ki rasanble la a maten an, an nou Bondye pou-l fè-n angaje-n pi plis nan misyon Jezi-Kri a, pou
nou toujou rete fidèl, pou-l kapab toujou gide nou, konsa yon jou, ansanm avèk li, naP pra-l viv lavi ki p-ap
janm fini an.
An nou lapriyè